You are currently viewing Istorik lekòl an Ayiti

Istorik lekòl an Ayiti

Ban m wè ki lekòl w ap fè, m a di ou ki kalite sosyete moun w ap bati. Sa vle di angwo, mezi bon lekòl pou tout moun se mezi sosyete tout moun se moun ou.  Se sa k fè pa t gen lekòl pandan epòk esklav lakoloni a. Kòd nwa pa t konsidere esklav yo se moun. Apre Revolisyon fransez nan epok 1790 yo, afranchi yo mande dwa rekonesans kom moun men, se revolt 1791 esklav yo ki pemet yo jwenn yon ti rekonesans. 

Aprè sa, lè Toussaint Louverture vin Gouvènè jeneral, li kontinye dirije Sendomeng tankou yon koloni fransez, nan mete yon sistem lekòl pou ede plantasyon kontinye . Kidonk lekòl Toussaint an pa t pou tout moun. 

Sou Dessalines, apre Lendepandans, peyi a te repati ant 6 distri militè. Kon sa, Dessalines te deside mete yon lekol nan chak distri sa yo. Apre lanmò Lanperè a, peyi a te vin divize an 2 Leta. Nan nò, kote jeneral Henri Kristof vin wa, li te vle detache l nèt ak Lafrans epi ale jwenn Angletè. Nan sans sa a, li fè yon lekòl nan lang angle ou te jwenn sèlman nan vil yo. Nan lwès ak nan sid, kote Petyon te prezidan, limenm li te toujou rete kole ak Lafrans. Li te fè yon lekòl franse pou pitit lelit la. Toude modèl yo te ankouraje lekòl prive pou elit epi te fè yo chak yon sèl  oubyen 2 lekòl piblik.

Lè Boyer vin prezidan, li kontinye menm sistem Petyon te mete a sou tou zile a. Sa vle di, depi 1806 rive 1843, lè Boyer tonbe, Leta pa t okipe mete lekòl pou majorite popilasyon an sitou pou moun k ap viv lakanpay.

Epòk revolisyon 1843 Leta pral tabli anpil mezi pou fè lekòl vin zafè tout moun. Parezanp Konstitisyon 1843 te konsakre dwa pou tout sitwayen jwenn lekòl primè. An janvye 1844, prezidan Rivière Hérard kreye Ministè lenstriksyon piblik epi li te nome nan tet li le Honoré Féry ki te alafwa sekretè deta  Jistis, enstriksyon piblik ak Kilt. Apre dekre ministeryèl Honoré Féry nan ane 1844 la, pou kreye lekòl riral, pa t genyen jouk nan ane1860, Lekòl te toujou konsidere tankou zafè moun lavil. Epoutan, plis pase 75 % populasyon peyi a t ap viv nan kanpay tankou peyizan. 

 

Si 1843 ak konstitisyon an se dat enpotan pou sistèm edikasyon ayisyen an pou sa ki konsène kliyantèl lekòl la, 1860 ak Konkoda a sele koze kontni lekòl la. Konkòda sa a te sitou pèmèt Legliz katolik kreye divès lekòl nan peyi a k ap anseye yon kontni ki depaman ak reyalite peyi. 

An 1941 Maurice Dartigue vin minis Lenstriksyon piblik. Pandan 4 an li fè efo pou kreye yon gwoup pwofesè kalifye ak pwogram pou pefeksyone kad nan edikasyon. Se bèl jefò sa yo, yo bay non refòm Dartigue.

7 mas 1978, gen yon dekre ki elimine zafe lekòl riral ak lekòl iben an. Li fè yon sèl sèvis lekòl primè. Se yosn gwo pa nan refom ki pral vini apre avek dekre 1982 a. Se refom ki pi enpotan sistem edikatif la konnen. Yo ba li non refom Bernard  non minis Joseph C. Bernard  ki inisye refom sila.

Refom sa enpotan anpil paske se premye refom ki ensiste sou kontni edikasyon nan peyi a kote atik 1 rive 4 konsidere kilti ak idantite pep ayisyen kom baz edikasyon l. Se konsa lang kreyol vin jwen otorizasyon pou li sevi kom lang pou anseye ti ayisyen.

Rive nan ane 1980 yo, nou ka pale de yon veritab tounan nan kesyon lekòl an Ayiti. Sou aspe kantite a gen yon mas lekòl prive ki vin kreye e malerezman kalite fomasyon yo bay la pa twò bon. Leta kreye kek lekòl men jouk jounen Jodi a li pa rive 20% lekòl ki nan peyi a. Kantite lekòl nan peyi a pa ase pou popilasyon eskole a. Gen estimasyon ki bay 80% ou plis timoun ki ale lekòl men chif sa yo gen pwoblem anplis gen lekòl ki pa rive jwe wòl lekòl telman y ap fonksyone nan kondisyon difisil.

Laisser un commentaire